Related Reading
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Pandan ti bebe w la nan Inite Swen Entansif Neyonatal (NICU) la: Konprann Enfeksyon

Tout ti bebe yo gen risk pou yo fè enfeksyon. Se paske sistèm iminitè yon ti bebe (defans kò a kont maladi) bezwen tan pou l devlope. Pandan l ap devlope, ti bebe w la gen plis chans pou jèm yo fè l malad pase timoun ki pi gran yo ak granmoun yo. Sistèm iminitè yon bebe prematire gen mwens matirite pase yon ti bebe ki fèt sou lè l. Sa a fè prematire yo gen plis chans pou yo atrape yon enfeksyon. Kèk pwoblèm sante tou ogmante risk pou ti bebe w la fè enfeksyon.

Tip enfeksyon yo

Enfeksyon rive lè jèm antre nan kò a. Men tip enfeksyon ki pi kouran lakay ti bebe ki fenk fèt yo:

  • Enfeksyon ki lokalize. Se yon enfeksyon nan 1 pati nan kò a.

  • Enfeksyon sistemik. Se yon enfeksyon ki gaye nan ògàn yo nan kò a pa mwayen sikilasyon san an.

  • Menenjit. Se enfeksyon likid ki antoure sèvo a oswa mwèl epinyè a.

Ki jan ti bebe m nan te fè pran enfeksyon an?

Men kèk fason yon timoun ki fenk fèt ka pran yon enfeksyon:

  • Anvan akouchman an, manbràn amnyotik yo ka chire (pete). Sa a pèmèt jèm yo monte soti nan vajen manman an epi antre nan matris la, pou yo enfekte ti bebe a.

  • Anvan akouchman an, jèm yo ka soti nan manman an, pase nan plasenta a epi rive jwenn ti bebe a.

  • Pandan akouchman an, jèm yo ka pase soti nan manman an al jwenn ti bebe a.

  • Apre akouchman an, jèm ki soti nan anviwònman an ka antre nan kò ti bebe a. Sa gen plis chans pou l rive si po ti bebe a chire. Oubyen sa ka rive tou si genyen yon tib ki plase nan kò a.

Ki jan yo trete yon enfeksyon?

Pou trete enfeksyon yo, yon founisè swen sante ap bay yon antibyotik atravè yon sewòm (nan venn). Kantite tan ti bebe w la ap bezwen pran medikaman an varye. Sa depann de tip enfeksyon li genyen an. Pèsonèl inite swen entansif neyonatal la (NICU) ap ba w plis enfòmasyon sou medikaman an ak sou tout efè segondè ki posib yo. Ekip swen an ap pran prekosyon espesyal pou evite lòt ti bebe ki nan NICU yo trape jèm yo pandan tretman an.

Si ti bebe w la pa gen yon enfeksyon men li gen yon gwo risk pou l fè youn, yon founisè swen sante ka bay ti bebe w la antibyotik. Sa a se pou anpeche enfeksyon.

Ki efè ki posib alontèm?

Fason tibebe w la ap retabli depann de plizyè faktè. Sa yo gen ladan yo ki kote enfeksyon an ye, ki nivo li ye, ak ki kalite jèm ki lakoz li. Mande founisè tibebe w la ki kantite tan sa a ka pran pou ti bebe w la retabli. Poze kesyon sou tout suivi ki ta ka nesesè.

Amezi w ap konekte ak tibebe w la

Wòl ou kòm paran kounye a se kreye lyen ak ti bebe w la epi sipòte l. Pèsonèl NICU a ap siveye ti bebe w la pou yo ka detekte siy enfeksyon sa yo. Men asire w ou fè pèsonèl NICU a konn sa a imedyatman si w remake youn nan siy sa yo:

  • Mwens aktivite

  • Pwoblèm respiratwa k ap vin pi grav

  • Respirasyon k ap kanpe (apne)

  • Po wouj oubyen ekoulman likid nan lonbrit li oubyen lòt kote

Ede evite enfeksyon gras ak lave men

Yon gason k ap lave men l nan yon sal lopital.
Lave men w souvan pou ede w evite enfeksyon.

Pifò jèm yo transmèt pa mwayen men. Lave men se pi bon mwayen pou anpeche jèm yo gaye. Suiv etap sa yo. (Founisè swen sante yo ka mande w pou w suiv yon pwosedi diferan pandan ti bebe w la nan NICU a.)

  • Retire tout bag, braslè, oubyen mont ou met sou ou. Li ka difisil pou w netwaye w ansanm ak yo. (Ou ka petèt dwe sispann mete bijou ankò nan NICU a.)

  • Sèvi ak dlo pwòp, k ap koule ak anpil savon pou fè yon bon valè kim.

  • Netwaye tout men w. Tankou anba zong ou yo, mitan dwèt ou yo, ak anlè ponyèt ou. Pa sèlman pase yo youn sou lòt. Fwote yo byen.

  • Kontinye lave yo pandan omwen 10 a 15 segonn. Ou ka sezi wè konbyen tan sa pran. Kidonk asire w ou konte.

  • Rense. Kite dlo a koule desann nan pwent dwèt ou, pa anlè nan ponyèt ou.

Suiv enstriksyon pèsonèl NICU yo

Si w gen yon timoun ki prematire ki nan NICU, pèsonèl la ka mande w pou w pran plis prekosyon. Yon fason pou w evite ti bebe w la pran enfeksyon. Pèsonèl NICU a ap di w plis sou sa a.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer