Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Senyen oswa ematom apre kateteris kadyak

Ou fèk fè kateterizasyon kadyak. Yo te mete yon katetè nan kò ou atravè yon twou nan yon atè nan lenn ou oswa nan bra w. Kounye a w ap senyen nan pati sa. Nan ka senyen, li ka ap degoute oswa jayi sot nan pati sa. Oswa li ka al sanble fè yon boul (ematom) anba po a. Souvan sa ka mande yon evalyasyon ijan nan yon sal ijans. Premyèman peze dirèkteman pati sa epi rele 911 oswa fè yon moun mennen w nan sal ijans la. Nan sal ijans la, yo pral mete plis presyon sou pati sa pou l sispann senyen. Yo ka voye w lakay ou si senyen an ka kontwole epi ou santi w ase byen. Pou anpeche w senyen ankò, pran kèk prekosyon lakay ou. Si senyen an kòmanse ankò, suiv konsèy ki anba a.

Imaj fas yon mesye ki ap montre yon katetè yo mete nan yon atè nan lenn nan. Ankadre k ap montre katetè a nan kè a.

Swen adomisil

Pou pwochen 48 èdtan yo:

  • Pa fè okenn aktivite difisil.

  • Pa monte nenpòt eskalye si sa posib

  • Pa leve anyen ki pi lou pase 5 liv.

  • Si kote ponksyon an ye a se nan bra w oswa pwanyè ou, pa kouche sou bra sa.

  • Si kote ponksyon an ye a se nan lenn ou pa fè efò pou al poupou.

  • Pa fwote pati sa lè w ap benyen. Ou ka mouye li apre founisè swen sante w la fin di ou kapab, men pa fwote li oswa mase li. Pa pran beny pandan 3 jou apre pwosedi a.

  • Pa kondui pou pwochen 48 èdtan yo

Si senyen retounen ankò, rele 911. Fè etap sa yo pou sispann senyen an jiskaske èd rive:

  • Kouche sou do w.

  • Mete yon twal pwòp oswa twal gaz sou twou ponkti a. Apresa, kontinye fè presyon byen fèm sou pati sa. Oswa fè yon lòt moun fè presyon fèm lè l sèvi avèk twal gaz la oswa yon ti sèvyèt.

  • Kenbe bra ou dwat epi leve l pi wo pase nivo kè ou si se nan bra ou yo fè l oswa nan pwanyè ou. Si se nan lenn ou, fè yon lòt moun kontinye fè presyon sou li.

  • Pa peze l twò di! Si w peze twò fò, janm ou ak pye w (oswa bra w ak men w) pap jwenn sikilasyon san epi po ki anba zong pye w oswa zong dwèt ou ka vin blan. Po a ta dwe rete woz, tankou zong pye ki sou lòt pye ou a. Lè ou (oswa yon moun) peze sou zong pye a li pral vin blan, men lè ou sispann peze sou zong lan li pral tounen woz ankò. Yo rele sa "rechaj kapilè." Si gen yon moun avèk ou, yo ka tcheke li.

  • Si zòtèy ou, pye w, oswa janm ou kòmanse parèt angoudi, gen pikotman, oswa frèt, diminye presyon an, pwobableman ou peze twò fò.

  • Otomatikman swen ijans rive, yo pral pran swen ou.

Suivi pou swen yo

Fè suivi ak founisè swen sante w la, oswa jan yo rekòmande a. Mande founisè swen sante w pou l ba w yon nimewo kontak pou w rele.

Rele 911

Rele 911 si yonn nan bagay sa yo rive:

  • Doulè nan lestomak oswa presyon

  • Nenpòt senyen nan pati a

  • Ou santi w fèb oubyen w anvi endispoze

  • Difikilte pou w respire

  • Boul la (ematom) ap vin pi gwo byen vit

  • Frèt, pèt sansasyon, pikotman, oswa chanjman koulè po nan janm oswa bra ak kote ponksyon an ye a

Kilè pou w chache konsèy medikal

Rele founisè swen sante w la tousuit si nenpòt nan bagay sa yo rive:

  • Ogmantasyon doulè, woujè, anfleman, oswa drenaj kote ponsyon an fèt la

  • Anvi vomi oswa vomisman

  • Ou gen Yon fyèv 100,4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante ou an di w lan

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer