Swen Kòd Lonbrit (Pou Tibebe Ki Fenk Fèt)
Kòd lonbrit la se tib ki konekte bebe a ak manman l. Se kòd lonbrit la ki pote san, oksijèn ak manje bay bebe a pandan l nan matris la. Aprè nesans lan yo klanmse epi koupe kòd lonbrit la. Egzèsis sa a kite yon ti moso tou piti nan kòd lonbrit la. Klanms lan anpeche san bebe a koule atravè kòd lonbrit la.
Nan majorite ka yo, ti moso ki te rete nan kòd lonbrit la ap seche epi tonbe pandan premye semèn lavi bebe a.
Swen adomisil
Eleman sa ki vin annaprè yo ap ede w pran swen kòd lonbrit bebe a lakay ou:
-
Kite kòd lonbrit la pwòp epi sèch.
-
Kite kòd lonbrit la pran lè. Pa kouvri l ak daypè kote li ka an kontak ak pipi oswa twalèt. Pou anpeche sa, rekase devan daypè a, fè l tonbe anba kòd lonbrit la. Si nesesè, dekoupe yon ti moso nan devan daypè a pou w kreye yon espas pou kòd lonbrit la.
-
Pa mete rad ki sere kòd lonbrit la sou bebe ou a.
-
Pa plen yon kivèt bebe dlo pou w benyen bebe ou a toutotan kòd lonbrit la pa tonbe epi zòn kote l te ye a pa sèch epi geri. Olye w fè sa, pito w mouye yon eponj oswa yon gan twalèt pou w benyen l.
-
Pa eseye retire kòd lonbrit la. L ap tonbe poukont li.
-
Pa mete poud detal oswa lòt poud sou kòd lonbrit la.
Suivi nan kad swen
Fè suivi medikal avèk founisè swen sante bebe ou a jan yo konseye w sa.
Kilè pou w mande yon avi medikal
Rele founisè swen sante bebe ou a imedyatman si w ta remake youn nan siy sa yo:
-
Po ki sou kote kòd lonbrit la wouj oswa ap senyen.
-
Li bay move sant, l ap bay pi, oswa lòt bagay ap koule soti ladan l.
-
Bebe w la gen lafyèv (ale nan seksyon “Lafyèv ak timoun” ki pi ba a)
-
Bebe ou a kriye lè w manyen kòd lonbrit la oswa zòn ki nan anviwon kote kòd lonbrit la ye a.
 |
Rele doktè w la si w remake arebò kòd lonbrik la vin wouj. |
 |
Rele doktè w la si w remake arebò kòd lonbrik la vin wouj. |
Lafyèv ak timoun
Itilize yon tèmomèt dijital pou w tcheke tanperati timoun ou an. Pa itilize yon tèmomèt a mèki. Gen anpil tèmomèt dijital ak plizyè fason pou itilize yo. Yo gen ladan yo:
-
Tèmomèt pou Dèyè Pou timoun ki gen mwen pase 3 lane, pran tanperati nan dèyè l pi efikas.
-
Fwon (tanporal). Sa ap mache pou timoun ki gen 3 mwa oubyen timoun ki pi gran. Si yon ti bebe pi piti pase 3 mwa gen siy maladi, yo ka itilize tèmomèt sa kòm premye aparèy pou pran tanperati l. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Zòrèy (tenpan). Tanperati nan zòrèy la efikas aprè l fin gen 6 mwa, men anvan sa li pa efikas.
-
Anbabra (aksilè). Sa mwens fyab men yo ka itilize l pou premye chache siy maladi kay timoun nenpòt laj. Founisè swen sante a ka vle konfime l ak tanperati nan dèyè ti bebe a.
-
Bouch (oral). Pa itilize tèmomèt nan bouch ti moun ou an jiskaske li gen omwen 4 làne.
Itilize tèmomèt nan dèyè ti bebe a ak prekosyon. Suiv enfòmasyon fabrikan pwodui a bay la pou w ka byen itilize l. Mete l nan dèyè ti bebe a dousman. Mete etikèt sou li epi asire w pa itilize l nan bouch li. Li ka gen jèm twalèt ki rete sou li. Si w pa alèz pou w itilize tèmomèt nan dèyè a, mande founisè swen sante a ki tip ou ka itilize nan plas li. Lè w ap pale ak nenpòt founisè swen sante sou lafyèv pitit ou a, di yo ki kalite w te itilize.
Anba a w ap jwenn sa pou w suiv pou w konnen si timoun ou an gen yon lafyèv. Founisè swen timoun ou an ka ba ou yon nimewo degre ki diferan pou timoun ou an. Suiv enstriksyon espesifik founisè swen an.
Kontwole lafyèv pou yon bebe ki gen pi piti pase 3 mwa:
-
Nan dèyè oswa nan fwon: 100,4°F (38°C) oswa pi wo
-
Anba bra: 99°F (37,2°C) oswa pi wo
Online Medical Reviewer:
Daphne Pierce-Smith RN MSN
Online Medical Reviewer:
Sravani Chintapalli Researcher
Online Medical Reviewer:
Tracy C. Garrett RNC-NIC BSN
Date Last Reviewed:
2/1/2025
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.