Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Ipèplazi Pwostatik ki pa grav

Pwostat la se yon ti glann lakay gason an ki fè yon likid ki ale nan espèm nan. Pandan w ap paran laj, pwostat la ap grandi. Si li vin two gwo, li ka lakoz difikilte lè w ap pipi. Kondisyon sa rele ipèplazi pwostatik ki pa grav (BPH). BPH la pa kansè.

Yon koup transvèsal yon gwo glann pwostat.

Sentom BPH la

BPH la rive plis lakay gason ki gen plis pase 60 lane. Se paske pwostat la vin pi gwo pandan lavi yon nonm. Pandan l ap grandi, li peze irèt la. Irèt la se tib ki pote pipi a deyò kò w soti nan vesi w pase nan peni w. Vesi w ka vin fèb tou plis laj ap monte. Li ka pa vid nèt lè w fin pipi.

Gason ki gen BPH ka gen sentom sa yo:

  • Anvi fè pipi souvan, espesyalman nannuit

  • Fuit oubyen ekoulman pipi a

  • Yon pipi ki sòti fèb

  • Pa ka pipi, oubyen gen difikilte pou w kòmanse pipi

Dyagnostike BPH la

BPH la ka blese vesi w ak ren w yo. Li ka mennen nan pyè nan vesi ak nan enfeksyon vwa irinè a tou. Si w panse w ka gen BPH, pale ak founisè swen sante ou a. Yon tretman bonè ka anpeche pwoblèm yo.

Plizyè tès ka dyagnostike BPH. Tankou:

  • Ekamen rektal dijital. Pandan pwosedi sa, founisè w la ap mete gan, grese (librifye) dwèt li pou l mete nan rektòm ou pou l tcheke gwosè pwostat ou.

  • Tès imaj. Reyon lazè ak tès imaj ka jwenn pwoblèm ki nan ren w yo oubyen nan vesi w.

  • Sistoskopi. Tès sa itilize yon tib ki fleksib ki gen yon kamera (li rele yon eskòp). Eskòp la pase nan irèt la pou l gade anndan vwa irinè a.

  • Etid sou jan pipi a koule. Tès sa itilize yon materyèl espesyal pou l gade a ki vitès pipi a kite kò w.

  • Ekografi pwostat la. Tès sa itilize son pou l wè gwosè ak anndan glann pwostat la.

Trete BPH la

Si sentom ou yo pa grav, ou ka pa bezwen tretman. Ou kapab kontwole BPH ou si w chanje fason w ap viv. Kèk gason santi yo mye si yo limite oubyen pa pran bwason ki gen alkòl ak kafeyin tankou kafe. Pa bwè anpil likid nan nuit ka ede tou. Ogmante aktivite fizik ou ka diminye sentom yo tou.

Ekzèsis Kegel yo ka ede tou. Yo ap ranfòse misk pèlvyen an pou anpeche pipi a fwite. Kontrakte misk pèlvyen yo kòm si w te dwe kanpe oubyen ralanti pipi a. Tann pandan 10 segond. Refè sa omwen 5 fwa. Fè ekzèsis la 3 a 5 fwa chak jou.

Kèk medikaman ka fè sentom BPH yo vin pi mal. Tankou medikaman pou konjesyon, alèji, ak depresyon. Medikaman ki ogmante kantite pipi w (diyiretik oubyen pilil pou elimine dlo) ka fè sentom BPH yo vin pi mal. Si w pran medikaman sa yo, pale ak founisè w la. Ou ka bezwen pran lòt medikaman oubyen chanje kantite w ap pran.

Sentom BPH yo souvan vin pi mal plis pwostat la ap grandi. Donk nan kèk pwen ou ka bezwen tretman. Founisè w la ka preskri w medikaman pou retresi pwostat la oubyen fè l sispann grandi. Lòt Tretman yo ka fè irèt la pi laj pou l kite pipi a koule pi fasil. Gen kèk metòd ki pa envaziv anpil ki pèmèt yo retire tisi pwostatik la.

Si BPH ou a grav, founisè swen sante w la ka konseye w fè operasyon. Operasyon an ap retire pati ki ipètwofye yo nan glann pwostat la. Ou ak founisè w la ka jwenn pi bon opsyon an pou ou selon laj ou, sante w, ak lòt faktè.

BPH ak kansè pwostat la

BPH ak kansè pwostat la pataje menm sentom Se pou sa li enpòtan pou w pale ak founisè w la de sentom ou yo. Yon gason ki gen BPH pa pi pwobab pou li devlope kansè sa a. Men yo ka gen nivo antijèn pwostatik espesifik ki pi wo (PSA). Yon nivo PSA ki wo ka yon siy kansè pwostat tou. Kèk tès ede diferansye BPH la de kansè pwostat la. Tankou ekografi ak byopsi pwostat la.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer