Konprann Twoub Anksyete a
Prèske tout moun konn nève jodi a oubyen aprè. Li nòmal pou w gen ne nan lestomak ou anvan yon tès. Oubyen pou kè w bat vit nan yon premye randevou. Men yon twoub anksyete plis pase yon ka nève. An verite, sentom li yo ka akablan. Men tretman an ka efase anpil nan sentom yo. Pale ak founisè swen sante w la se premye etap la.

Ki sa sentom twoub anksyete yo ye?
Yon twoub anksyete ka lakoz gwo santiman panik ak perèz. Santiman sa yo ka rive san okenn rezon klè. Epi yo ka plede rive ankò. Yo ka anpeche w fè fas a lavi a. Yo ka lakoz ou gen gwo detrès. Ou ka dwe rete lwen tout bagay ki ap reveye perèz ou. Nan kèk ka ekstrèm, ou ka pa ka kite kay ou. Twoub anksyete yo ka lakoz lòt sentom, tankou:
-
Ou gen panse obsesif ou pa vle genyen epi w pa ka kontwole yo
-
Ou ap fè anpil vye rèv oubyen panse pase ki fè w mal
-
Ou gen lestomak fè mal, ou ap swe, epi w gen tansyon miskilè
-
Ou gen difikilte pou w dòmi ak konsantre w
Kisa ki lakoz twoub anksyete a?
Twoub anksyete a sanble mache nan fanmi yo. Pou kèk moun, abi lè yo te timoun oubyen neglijans ka jwe yon wòl. Pou kèk lòt, evènman estresan nan lavi a oubyen twoma ka deklanche twoub sa yo. Anksyete ka fè estim ou pou ou vin ba epi w pa ka ti kal kapasite pou w adapte w.
Tip twoub anksyete yo
-
Twoub panik. Sa ka lakoz ou gen yon gwo perèz pou lavi w pa andanje.
-
Krent. Perèz ekstrèm ou ka genyen pou kèk bagay, kote, oubyen evènman.
-
Twoub Obsesif-Konpilsif (OCD). Sa fè w genyen panse ou pa vle epi pilsyon w pa dezire. Ou ka ap plede fè kèk bagay.
-
Twoub estrès pòs twomatik (PTSD). Sa rive moun ki te viv yon eprèv ki terib. Li ka lakoz moun nan fè move rèv ak reviv evènman an.
-
Twoub anksyete jeneralize. Sa ka lakoz ou toujou ap enkyete w. Sa ka deranje lavi w anpil.
Ale mye
Ou ka panse pa gen anyen ki ka ede w. Oubyen, ou ka pè sa lòt moun ka panse. Men pi fò sentom yo ka kalme. Lè w gen twoub anksyete se pa yon bagay ou dwe wont. Pi fò ale mye ak tretman melanje ak medikaman ak terapi an gwoup oubyen endividyèl. Pa genyen tretman. Men yo ka ede w viv yon vi an sante.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.