Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kominike ak Lòt Moun sou Sante w

Se ou menm sèlman ki ka deside si ou vle di lòt moun pwoblèm sante w ap fè fas avè l la. Ou ka santi sante ou se yon zafè prive. Petèt ou twouve li difisil pou deside kiyès pou w di sa ak ki kantite enfòmasyon pou w bay. Oswa, ou ka twouve pale ka fè santi w miyò. Chwa a se pou ou.

Yon gason ak yon fi k ap bwè kafe epi k ap pale sou kontwa yon kizin.

Kiyès pou w di sa

Aprè fanmi w ak zanmi pwòch ou, ou ka vle petèt pou kèk moun nan travay ou okouran de eta ou. Pale ak yon moun nan resous imen nan ta ka yon bon kote pou kòmanse. Si ou bezwen ajiste kantite travay ou oswa orè ou, yo ka kapab ede w. Pa egzanp, ou ta ka kapab travay lakay ou oswa pataje travay ou. Yo ka konnen tou pwogram gouvènman ki ta ka ofri w kèk asistans, tankou Lwa pou Fanmi ak Konje Medikal oswa sèvis pou manm ki granmoun nan fanmi an oswa timoun.

Kisa pou w di

Si w chwazi diskite sou kondisyon w, li pi bon pou w ouvè epi onèt. Menmsi moun yo ta ka enkyè, ou gen dwa pa vle petèt twò ret fokis sou sante w. Kèk moun pral gen kesyon, ebyen eseye deside alavans konbyen detay ou swete pataje sou eta ou.

Kòman moun yo ka reaji

Tout moun pa reaji menm jan. Kèk nan yo pral enkyè epi atansyone. Lòt ka sanble ajite oswa kontrarye. Gen kèk ki ka evite ou oswa ka di yon bagay ki ka fè w mal. Souvan, moun vle byen men yo ka pa jwenn bon mo yo. Asire yo ke montre yo sousye de sa itil. Epi fè yo konnen ke pa gen okenn bagay pafè pou yo di.

Preyokipasyon komen yo

Ofiramezi wap kòmanse fè fas ak chanjman eta sante w pote yo, pral gen bagay ou pral bezwen diskite ak moun ki nan vi w yo. Sijè ou ka bezwen pale sou yo ka gen ladan chanjman nivo enèji ou ak atitid ou, pwoblèm sèks ak entimite, estrès, finans, ak swen a lavni. Montre w ouvè epi konnen ke yo sousye de sa.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer