Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Kondisyon Sante Kwonik: Jwe yon wòl Aktif nan Swen ou

Founisè swen sante w la ap travay ak ou pou mete sou pye yon plan tretman. Plan an ka gen medikaman yo ladan l. Li ta ka gen ladan tou fason pou w jwenn sipò emosyonèl. Pou w santi w pi an sante epi gen kontwòl tout bagay, fè tout sa w kapab pou w swiv plan w lan.

Yon founisè swen sante k ap pale ak yon gason nan yon sal egzamen.

Pale ak founisè swen sante w la

Pou w pwofite plis de randevou medikal ou yo, eseye konsèy sa yo:

  • Pote yon lis kesyon. Fè yon lis bagay ou vle pale sou yo, tankou nouvo tretman yo. Fè founisè swen sante ou a konnen ou gen kesyon. Ou pa bezwen pè poze yo. Ekri tout sa founisè w la di.

  • Kenbe yon dosye pou tout chanjman. Ekri nenpòt chanjman nan kondisyon ou ak nan jan ou santi ou. Pote sa nan randevou medikal ou yo.

  • Mande enfòmasyon sou lòt sèvis sante yo. Mande enfòmasyon sou posibilite pou wè lòt founisè tankou dyetetisyen oswa fizyoterapet.

  • Mande enfòmasyon konsènan swen konplemantè. Mande si li ka itil pou eseye bagay tankou akiponkti oswa fèy yo.

  • Ale ak yon manm fanmi w oswa yon zanmi ou fè konfyans. Moun sa ka ede w konprann epi sonje sa w te tande a. Yo ka pran nòt pou ou tou. Apre ou ka konsantre w sou pale ak founisè a.

Pran medikaman w yo

Aprann konnen medikaman ou pran yo. Pou pi bon rezilta, fè sa ki annapre yo:

  • Pale ak famasyen w lan. Mande famasyen ou an si gen kèk manje, remèd fèy, sipleman, oswa medikaman ou pa ta dwe pran pandan w ap pran medikaman ou yo. Sa ka gen ladan medikaman ou achte san preskripsyon, tankou aspirin. Li ka gen ladan tou vitamin ak remèd fèy. Ekri enfòmasyon an.

  • Li etikèt yo. Pran medikaman w yo sèlman jan yo di w la. Pa sote dòz yo. Pa ni ogmante ni diminye dòz la. Pale ak founisè swen sante w la anvan w sispann pran kèlkeswa medikaman an.

  • Pa pataje medikaman w yo. Pa pataje medikaman oswa pa pran yo nan men yon lòt moun, menmsi se menm medikaman an ak menm dòz la.

  • Ou dwe okouran de efè segondè yo. Fè founisè swen sante w la konnen nenpòt efè segondè ou genyen. Gen dwa gen lòt medikaman ou ka eseye.

  • Sere medikaman yo kòrèkteman. Gen kèk ladan yo chalè ak limyè ka afekte yo.

  • Tcheke pri a. Mande konpayi asirans sante w la enfòmasyon konsènan achte medikaman pa lapòs. Oswa tcheke ak gwoup ki fokis sou pwoblèm ou an. Yo ka konnen lòt fason pou w ekonomize sou depans yo.

  • Kenbe yon lis ki aktyalize pou medikaman ou yo. Kenbe lis sa a nan bous ou oswa sou aparèy elektwonik ou. Bay patenè w la oswa yon zanmi lis la. Konsa, ap gen yon bakòp nan ka kote ta gen yon ijans.

Rekonèt santiman ou yo

Lè w ap fè fas ak yon pwoblèm sante, li nòmal pou w tris oswa deprime pafwa. Kèk medikaman ka chanje imè w tou. Men, di yon moun sa si santiman sa yo pa disparèt. Depresyon ka trete.

Si w vle, pataje sa w aprann sou kondisyon w lan ak moun ki nan lavi w la. Reflechi sou mande moun nan fanmi w yo pou yo akonpaye ou nan yon reyinyon gwoup sipò. Aprann konnen plis sou eta w ka diminye enkyetid ou yo. E sa ka pèmèt yo soutni w pi plis.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer