Liy Santral (Aparèy Aksè Venn Santral)
Ou bezwen yon liy santral nan kad tretman ou a. Yo rele l tou yon aparèy aksè venn santral oswa katetè venn santral. Yo mete yon ti tib mou ki rele katetè nan yon gwo venn ki mennen nan kè w. Lè w pa bezwen liy santral la ankò, y ap retire li. Lè sa po w pral geri. Fèy sa a dekri kalite liy santral yo. Li eksplike tou kijan liy santral la mete nan kò w.
 |
Katetè a gen plis pase 1 limenn (kanal). Sa vle di yo ka bay diferan likid ak medikaman an menm tan. |
Kisa yon liy santral fè
Yo souvan itilize yon liy santral olye yon liy estanda I.V. (nan venn) lè w bezwen tretman pandan plis pase yon semèn apeprè. Yo kapab foure l tou paske sèten medikaman pa ka mete san danje nan pi piti venn yo nan men oswa bra. Liy la ka livre medikaman, likid, oswa nitrisyon dirèkteman nan sikilasyon san w. Epitou li kapab itilize pou mezire sikilasyon san (siveyans emodamik), fè prelèvman san, oswa pou lòt rezon. Mande founisè swen sante w poukisa ou bezwen liy santral la epi ki tip ou pral genyen.
Tip liy santral yo
Yo mete liy santral la nan 1 nan venn yo jan li dekri anba a. Venn ki itilize a depann de bezwen w yo ak sante jeneral ou. Yo file katetè a nan venn lan. Yo fè l pase jiskaske pwent la chita nan gwo venn lan toupre kè a (venn kav). Tip liy santral yo gen ladan:
-
Katetè santral ensere nan periferi. Yo mete liy sa a nan yon gwo venn anwo nan bra, oswa toupre pli koudbra a.
-
Liy anba klavikil. Yo mete liy sa a nan venn ki pase dèyè klavikil la.
-
Liy jigilè entèn. Yo mete liy sa a nan yon gwo venn nan kou.
-
Liy femoral. Yo mete liy sa a nan yon gwo venn nan lenn.
Plasman liy santral la
Yo mete liy santral la nan kò w pandan yon pwosedi kout. Sa ka fèt nan chanm lopital ou, sèvis dijans oswa nan sal operasyon. Ekip swen w lan ka di w ak kisa pou w atann ou. Pandan plasman liy santral la:
-
Ou kouvri konplètman avèk yon gwo dra esteril. Se sèlman plas kote yo pral mete liy lan ki ekspoze. Yo netwaye po a avèk solisyon antiseptik. Etap sa yo bese risk pou enfeksyon.
-
Yo enjekte medikaman (anestezi lokal) toupre venn lan. Sa angoudi po a pou w pa santi doulè pandan pwosedi a.
-
Apre medikaman pou doulè a kòmanse travay, yo pase katetè a dousman nan venn lan. Yo fè l avanse jiskaske pwent katetè a rive nan venn kav la, toupre kè a. Sa fèt anjeneral avèk èd yon machin iltrason. Machin iltrason an ede wè anba po a. Li ede founisè swen an gide katetè a nan venn lan san blese lòt tisi oswa ògàn yo.
-
Lòt pwent katetè a pwolonje kèk pous soti nan po w. Li ka tache yon fason lach ak po a avèk pwen kouti pou kenbe l an plas.
-
Founisè swen sante a rense katetè a avèk solisyon salin pou netwaye li. Solisyon an ka gen heparin nan li. Sa evite kayo san.
-
Yo fè yon radyografi oswa lòt tès imajri. Sa pèmèt founisè swen an konfime pozisyon katetè a epi verifye si gen pwoblèm.
Risk ak konplikasyon ki posib
Menm jan ak nan nenpòt pwosedi, lè w gen yon liy santral sa gen sèten risk nan li. Sa yo gen ladan:
-
Enfeksyon.
-
Pwoblèm senyen. Sa gen tandans rive pi souvan si yo pèfore yon atè olye yon venn. Men, li ka rive apati pèforasyon nan yon venn tou.
-
Yon batman kè ki pa regilye.
-
Blesi nan venn lan oswa nan kanal lenfatik ki toupre venn lan.
-
Anflamasyon nan venn lan (flebit).
-
Ti boul lè nan san an (anboli gazez). Yon anboli gazez ka deplase nan veso sangen yo epi bloke sikilasyon san nan kè, poumon, sèvo, oswa lòt ògàn.
-
Kayo san (twonbis) ki ka bloke sikilasyon san an. Yon kayo san ka deplase tou nan veso sangen yo. Li ka bloke sikilasyon san nan kè a, poumon (anboli pilmonè), nan sèvo, oswa lòt ògàn.
-
Poumon plati (nemotoraks) oswa akimilasyon san ant poumon yo ak kòf lestomak la (emotoraks).
-
Blesi nan nè.
-
Ensèsyon pa aksidan nan yon atè olye yon venn.
-
Katetè a pa pozisyone kòrèkteman.
Si w gen nenpòt pwoblèm avèk liy santral ou a, pale avèk founisè swen sante w.
Retire
Lè tretman w fini, liy la ka retire san danje. Founisè swen sante a ap netwaye zòn kote liy lan te foure a. Founisè swen an ap koupe nenpòt pwen kouti ki kenbe liy lan sou po a epi apresa, l ap rale liy lan soti tou dousman jiskaske tout liy lan retire nan kò w. Founisè swen an ap fè presyon sou sit kote yo retire liy lan pandan yon minit oswa pi lontan epi apresa, l ap pwobableman mete yon bandaj sou li. Founisè swen an ap enspekte liy lan pou asire li entak epi, selon tip liy lan, li gendwa mezire l.
© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.