Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Konsèy pou Konfò Pandan Gwosès la

Gwosès kapab mache ak diferan tip malèz. Sa yo se konsèy sou mwayen pou w santi w pi byen. Pale ak founisè swen w lan anvan w pran medikaman kont doulè nan nenpòt peryòd nan gwosès ou a.

Fanm ansent k ap bwè dlo nan boutèy.

Konsèy pou premye trimès la

Soulaje anvi vomi an

  • Leve dousman. Manje kèk ti biskwit san sèl anvan ou leve nan kabann.

  • Rete lwen odè ki deranje w.

  • Manje ti manje ki pa gen anpil sèl ni grès epi ki gen anpil pwoteyin, tanzatan.

  • Bwè ti dlo, ti te lejè oubyen bwason ki klè, tankou soda jenjanm. Manje glas.

  • Eseye pran vitamin B6.

Jere fatig

  • Fè ti dòmi lè w kapab.

  • Fè egzèsis regilyèman.

  • Asepte èd nan men moun.

  • Pran bon abitid somèy, tankou al dòmi epi leve nan menm lè a chak jou. Itilize kabann ou sèlman pou w dòmi epi fè sèks.

Kalme chanjman karaktè yo

  • Pale de santiman w ak lòt moun, tankou lòt manman.

  • Limite sik, chokola ak kafeyin.

  • Manje yon fason ki sen. Pa sote manje yo.

  • Fè egzèsis regilyèman.

Kalme tèt fè mal yo

  • Al pran lè fre epi fè egzèsis.

  • Detann ou epi repoze w ase.

  • Konsilte founisè swen sante ou a avan ou pran nenpòt medikaman kont doulè.

Konsèy pou dezyèm trimès la

  • Pou w anpeche je pye w anfle, chita epi mete pye w anlè oubyen pote ba kontansyon.

  • Si w gen doulè nan nivo senti w ak lestomak ou (doulè nan nivo ligaman won) pa fè mouvman pou w tòde kò w yon fason brital.

  • Nan ka kote w gen kranp nan janm, fè mouvman ak pye w souvan pote soulajman sou plas. Eseye fè yon ti masaj nan jarèt ou ak mouvman desann tou long oubyen detire janm ou yo avan w al kouche. Fè ase espò epi mete soulye ki gen semèl ki pa di nan pye w. Manje manje ki gen anpil kalsyòm.

Konsèy pou twazyèm trimès la

Redui kè brile

  • Manje manje ki pa lou pandan jounen an olye 3 gwo repa.

  • Dòmi ak pati siperyè kò w anlè 6 pous. Pa kouche jiska 2 èdtan aprè w fin manje.

  • Pa manje manje ki gen grès, ki fri, oubyen ki gen anpil epis.

  • Pa konsome fwi asid yo ni bwè ji yo.

Trete konstipasyon

  • Manje manje ki gen anpil fib, tankou sereyal konplè, fwi ak legim ki fre.

  • Bwè anpil dlo.

  • Fè egzèsis regilyèman.

  • Pale ak founisè swen sante w la sou medikaman ki gen dokizat oubyen psilyòm ladan yo.

Pran swen tete w

  • Pa sèvi ak savon ki fèt ak pwodui ki fò oswa alkòl ki ka fè po w vin twò sèk.

  • Mete soutyen ki fèt pou w bay tete. Yo pèmèt ou gen yon pi bon sipò pase soutyen klasik yo epi w ap ka itilize yo aprè gwosès la si w ap bay tete.

Byen dòmi

  • Pran yon douch tyèd avan w al dòmi.

  • Dòmi sou yon matla ki fèm.

  • Kouche sou kan ak janm ou kwaze youn sou lòt.

  • Itilize zòrye pou soutni bra w, janm ou, ak vant ou.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer