Health Encyclopedia
Search Clinical Content Search Health Library
A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z A-Z Listings

Patisipe nan Swen Sante w: Lè w Pral Fè Operasyon

Èske w pral fè operasyon? Li nòmal pou w enkyete w oswa pou w menm yon ti jan pè. Konnen chirijyen w lan ak lòt founisè swen sante yo ap fè tout sa yo kapab pou yo byen pran swen ou. Epi gen anpil bagay ou ka fè pou w ede ekip swen sante w la kenbe w an sekirite. Patisipe vle di pale, poze kesyon, epi konprann wòl ou.

Yon gason ak yon fi k ap pale ak yon founisè swen sante nan yon sal egzamen.

Ou gen dwa pou w pale!

Èske w konprann pwoblèm sante w la? Èske w te mande si gen lòt opsyon apa de operasyon an? Èske w konnen ki sa ki pral fèt pandan operasyon an? Ki konplikasyon ki pi kouran? Èske sa ou bezwen fè pou w prepare w yo klè pou ou? Èske w konnen ki jan pou w pran swen tèt ou apre sa? Pa pè poze kesyon. Ou gen dwa pou w konnen sa ki pral rive ou. Lè w konnen sa, li kapab fè lespri w anpè. Li ka ede w asire w tou w ap jwenn pi bon swen posib. Kidonk pa ezite pale!

Gen yon reprezantan ka ede w ak sa a. Se yon fanmi oswa yon zanmi ki vini avèk ou nan vizit medikal yo. Li koute sa founisè swen sante yo ap di w yo, li poze kesyon, epi li veye si tout bagay ap mache byen. Mande yon moun ou fè konfyans pou vin reprezante w. Si ou pa gen yon fanmi oswa yon zanmi pou jwe wòl sa epi ou vle jwenn èd, di founisè swen sante yo sa.

Prepare w pou operasyon an

Pou ede w prepare w pou operasyon w lan:

  • Ekri nenpòt kesyon ou genyen sou dewoulman operasyon an. Epi apre sa a, mande founisè swen sante w la pou l reponn yo. Pa egzanp:

    • Konfime ki jan operasyon ou pral fè a rele epi pou ki rezon ou fè l.

    • Fè lis tout medikaman, sipleman, ak remèd fèy w ap pran. Mande si ou ta dwe kanpe sou yo anvan operasyon w lan. Asire w ou mete tout sa yo te preskri w yo, ni medikaman, ni fèy, ni sipleman ou achte san preskripsyon yo.

    • Mande si w ap bezwen founiti oswa ekipman espesyal lakay ou pou fasilite retablisman w. Tankou beki oswa deyanbilatè. Mande ki kote ou ka achte bagay sa yo. Mande si asirans ou an ap kouvri depans yo.

    • Swiv nenpòt enstriksyon yo ba ou pou w pa manje oswa pou w pa bwè anvan operasyon an.

    • Swiv enstriksyon espesifik konsènan swen po yo. Yo ka di w pou w benyen ak yon savon espesyal oswa pou w pa raze ni pase krèm ni pase deodoran sou kote ou fè operasyon an.

    • Si w gen lòt kesyon lè w rive lakay ou, rele biwo chirijyen w lan pou w ka jwenn repons yo.

  • Vin avèk reprezantan w lan. Li dwe ale avè w nan etablisman swen sante a epi tounen avè w. Si sa posib, li dwe rete nan etablisman an pandan operasyon w lan. Oswa li ka di anplwaye yo ki jan yo ka kontakte l.

Anvan operasyon an: Kontinye poze kesyon

Nan etablisman swen sante a, asire w ou verifye bagay sa yo:

  • Fòmilè konsantman avize w la. Y ap ba w fòmilè sa pou w siyen. L ap ba w enfòmasyon sou operasyon w apral fè a. L ap dekri risk ki genyen nan operasyon an. Li l ak anpil atansyon anvan ou siyen l. Poze kesyon si w gen yon bagay ou pa konprann. Epi verifye de fwa tout detay ki sou fòmilè a. Asire w enfòmasyon pèsonèl ou yo, ki kalite operasyon w ap fè a, ak ki kote egzat y ap opere nan kò w la, kòrèk. Siyati w nan fòmilè sa konfime yo te reponn tout kesyon ou te genyen sou operasyon an. Si w gen kesyon, poze yo anvan ou siyen fòmilè a.

  • Braslè idantite pasyan w lan. Asire w enfòmasyon yo ki sou braslè sa kòrèk. Fè nenpòt moun ki vin ba w medikaman oswa tretman verifye braslè sa avan.

  • Kote y ap opere a. Li pwobab pou chirijyen w lan make kote operasyon an pral fèt nan kò w la. Sa ap pèmèt ou asire w yo make bon kote y ap opere a. Si je w klè lè y ap fè mak la, konfime si kote yo make nan kò w la se bon kote a. Si je w pa klè lè y ap fè mak la, fè reprezantan w lan konfime kote a.

Poze kesyon pou w verifye si yo pran dispozisyon pou yo prezève sekirite w. Pa ezite asire w si:

  • Chak founisè swen sante w yo konnen kiyès ou ye ak pou kisa w la. Ou pa bezwen pè prezante tèt ou. Ou kapab mansyone ki operasyon ou pral fè tou.

  • Yo te trasmèt enfòmasyon an. Verifye si founisè swen sante w yo konnen tout medikaman w ap pran yo. Sa enplike ni medikaman sou preskripsyon ni medikaman san preskripsyon, ni remèd fèy ni sipleman. Di si w fè alèji ak medikaman oswa ak bagay tankou latèks, yòd, oswa adezif. Epi konfime si yo konnen antesedan medikal ou ak rezilta tout tès ou te fè yo.

  • Yo evite pwoblèm potansyèl yo. Pa egzanp, si yon moun ap prepare pye w pou operasyon epi se nan bra w ap fè operasyon an, la a ka gen yon pwoblèm. Depi yon bagay sanble pa nòmal, pale!

  • Yo itilize bon metòd pou lave men yo. Gen anpil jèm nan etablisman swen sante yo. Jèm yo kapab lakoz enfeksyon. Lave men se youn nan pi bon fason pou anpeche jèm yo gaye. Verifye si founisè swen sante yo swa lave men yo swa itilize jèl pou men ki gen alkòl anvan yo manyen w oswa pran swen w. Ou pa bezwen pè mande founisè swen sante yo pou yo lave men yo. Epi, si yo kenbe w lopital la, lave men w souvan. Asire w fanmi w ak zanmi w yo lave men yo depi y ap antre nan chanm lopital ou ye a epi anvan yo manyen w.

Konnen kisa pou w fè apre operasyon an

Lè operasyon ou an fini, y ap kenbe w nan etablisman swen sante a oswa y ap kite w ale lakay ou pou w ka refè. Ede veye pou retablisman w lan pase byen. Asire w ou konnen:

  • Ki lè pou w rele founisè swen sante w la. Pa egzanp, ou dwe rele si ou gen siy enfeksyon, tankou lafyèv. Chèche konnen ki lòt sentom ki ta ka pouse w rele founisè swen sante w lan.

  • Ki jan pou w pran medikaman w yo. Poze kesyon sou tout medikaman yo preskri w yo. Chèche konnen ki jan yo rele chak medikaman, pou kisa li bon ak konbyen fwa pou w pran l. Konnen ki efè segondè ou ka genyen. Mande tou ki lè ou ka rekòmanse pran medikaman ou te kanpe sou yo anvan operasyon an. Si w gen yon kantite medikaman pou w pran, fè yon orè pou w ka suiv jan w ap avanse.

  • Ki jan pou w jere doulè. Si w gen doulè, pale de sa a ak founisè swen sante w la. Aprann ki sa ou kapab fè pou w jere l.

  • Ki jan pou w pran swen kote ou opere a. Si w gen yon pansman, mande ki jan pou w pran swen l ak ki lè ou ka retire l. Mande ki lè ou ka rekòmanse benyen ankò.

  • Ki swen swivi ou bezwen. Mande ki lè ou dwe vin nan randevou ak chirijyen w lan oswa ak yon lòt founisè swen sante. Kontinye ale nan tout randevou suivi w yo. Chèche konnen si w ap bezwen fè terapi fizik oswa si w ap bezwen lòt swen apre operasyon an.

  • Lè ou ka retounen nan aktivite nòmal ou yo. Chèche konnen ki lè ou ka tounen kondi, al travay, ak fè egzèsis san li pa yon danje pou ou.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.
Powered by Krames by WebMD Ignite
About StayWell | Terms of Use | Privacy Policy | Disclaimer