Sèvo a se sant ki kontwole kò ou. Li ap kontwole tout bagay soti nan mouvman ak ekilib pou rive nan emosyon yo ak memwa a. Lè w gen yon kriz malkadi, kèk oswa tout fonksyon yo afekte pandan yon ti tan.
Sèvo a ap voye sinyal
Sèvo a ap voye sinyal elektrik nan tout kò a nèt. Chak pati nan sèvo w k ap voye sinyal gen kontwòl yon fonksyon diferan nan kò a. Pa ekzanp, yon pati nan sèvo ou ap kontwole ekilib. Yon lòt pati kontwole langaj. Yon founisè swen sante ka anrejistre sinyal sèvo w yo. Yo itilize yon tès ki rele elektwo-ansefalogram (EEG).
 |
Yon EEG Nòmal. |
Kriz fokal yo
Gen diferan tip kriz fokal. Tip la depann de nenpòt chanjman ki fèt nan konsyans lan. Tankou:
-
Konsyans fokal. Moun ki gen kriz malkadi a reveye epi l konsyan. Yo ka pa ka pale pandan kriz malkadi a.
-
Twoub konsyans fokal Moun ki gen tip kriz malkadi sa a pèdi konsyans yo pandan yon ti tan tou kout. Tan sa ka kout anpil (kèk segond). Oswa li ka long anpil. Yo te konn rele l kriz pasyèl konplèks.
-
Eta Konsyans Enkoni. Yo pa konnen si konsyans moun lan afekte oswa si l pa afekte.
Gen tip kriz fokal tou ki dekri mouvman:
-
Kriz fokal motè. Kriz fokal la pwovoke mouvman ki pa nòmal. Tankou kontraksyon, kò k ap tranble oswa yon pati nan kò a ki rèd. Oswa yo ka mouvman tankou niche bouch, fwote men, mache oswa kouri.
-
Kriz fokal ki pa motè. Yo pa pwovoke mouvman. Men kriz la ka fè moun lan gen chanjman nan vizyon l, nan panse l oswa nan fason li santi l.
Lòt efè kriz yo sou kò yon moun
Aprè yon kriz jeneralize ki te afekte motrisite, ou ka santi mis ou yo ap fè w mal lè w reveye. Gen kèk moun ki konn mòde lang yo pandan yon kriz malkadi. Gen kèk lòt moun menm ki konn pèdi kontwòl blad pipi yo oswa trip yo (enkontinans). Ou ka ap swe epi gen kèk chanjman ki fèt nan koulè po w. Si kriz malkadi a pran w pandan w ap dòmi, sof sa ki ka fè w konnen se lè w santi mis ou yo ap fè w mal lè w reveye. Oswa ou ka jwenn ou te pipi oswa twalèt sou ou pandan w t ap dòmi an.
Kriz malkadi yo ka afekte batman kè w, tansyon w oswa lòt siy vital ou yo tou. Chanjman sa yo la pou yon ti tan (tanporè). Yo amelyore aprè kriz malkadi a fini. Pandan yon kriz malkadi, selil sèvo yo ka andomaje. Souvan sa fèt lè kriz malkadi a long anpil. Pou rezon sa yo, li enpòtan pou w gen bon kontwòl sou kriz yo.
Kriz malkadi ki afekte mouvman oswa konsyans ou ka reprezante yon danje. Lè yon kriz malkadi afekte konsyans ou, ou ka pa kapab konsantre w sou sa w ap fè yo. Ou ka pèdi kontwòl yon machin oswa yon anjen lou.
Kriz ki afekte motrisite yo (jeneralize oswa fokal) ka lakoz ou blese. Lè w gen yon kriz motrisite jeneralize, ou ka tonbe epi ou blese. Mouvman motrisite kriz fokal oswa kriz jeneralize yo kapab lakoz ou blese si ou tou pre yon bagay ki reprezante yon danje tankou yon recho dife oswa yon objè ki file.
Moun ki gen kriz malkadi ki afekte konsyans oswa fonksyon motris yo bezwen pran prekosyon pou yo pa blese. Kapasite pou w kondwi ka afekte. Ou ka pa kapab kondi pou w al lwen. Sa ap depann de avi founisè ou a ak lwa lokal yo. Ou ka pa dwe naje oswa benyen poukont ou. Paske gen risk pou ou nwaye pandan kriz malkadi a. Monte sou bagay ki wo, tankou monte sou yon nechèl, ka lakoz ou blese grav si ou vin gen yon kriz malkadi. Founisè w la ka ede w aprann tout sa w dwe fè pou w rete an sekirite.
Si w konn gen kriz malkadi, toujou mete yon braslè oswa yon chèn alèt medikal. Ou ka vle mache avèk yon lis ki gen medikaman pou kriz malkadi ou yo tou. Li ka sou papye oswa nan telefòn ou. Si twoub ou a pa estab, mete jesyon medikal yo itilize pou trete ijans yo nan lis ou a.