Depistaj Glikoz Nan San Pandan Gwosès

Dyabèt jestasyonèl se dyabèt sèlman fanm ansent genyen. Chanjman nan kò w pandan gwosès l ka lakòz sik wo nan san (glikoz). Sa kapab lakòz pwoblèm pou ou ak pou tibebe w la. Se yon maladi ki grav. Men li kapab kontwole.

Fanm ansent k ap pale avèk founisè swen sante.
Your healthcare provider will talk with you about blood glucose screening.

Kimoun ki nan risk pou dyabèt jestasyonèl?

Ou nan risk pou w vin gen dyabèt jestasyonèl si nenpòt nan faktè risk yo ki anba la a aplike pou ou. Risk pou maladi sa a vin pi gwo amezi kantite faktè risk yo ap ogmante:

  • Ou se Ispanik, Afriken Ameriken, Endyen Damerik, Azyatik, oswa Moun Zile Pasifik.

  • Ou peze plis pase sa founisè swen sante w di ki bon pou sante w.

  • Ou gen yon paran ki soufri dyabèt.

  • Ou pi gran pase 25 lane.

  • Ou te gen dyabèt jestasyonèl pandan yon gwosès pase.

  • Ou te gen yon tibebe ki fèt tou mouri oswa yon tibebe trè gwo anvan sa.

  • Ou gen yon istwa tolerans anòmal glikoz.

  • Ou gen sik nan pipi w nan premye vizit prenatal la.

  • Ou gen sendwòm metabolik, sendwòm ovè polikistik (PCOS, pou sig li ann Anglè), w ap pran glikokòtikoyid, oswa gen tansyon wo.

  • Ou ansent avèk de marasa oswa plis

Kisa k ap pase pandan yon depistaj?

Men ak kisa ou dwe atann ou pandan yon depistaj glikoz nan san:

  • Kolèj Ameriken Obstetrisyen ak Jinekològ (ACOG, pou sig li ann Anglè) konseye pou tout fanm ansent fè depistaj pou dyabèt jestasyonèl. Moman ou teste a depann de risk ou. Fanm yo teste nan 24 a 28 semèn gwosès. Fanm ki gen gwo risk ka teste lè yo premye aprann yo ansent.

  • Yon depistaj glikoz verifye sik nan san w nan moman w ap fè tès la. Ou pral bwè yon likid ki gen glikoz, epi apresa 1 èdtan pita yo pral fè prelèvman san w pou verifye nivo sik nan san w. Si sik nan san w wo, w ap gen pou w fè yon tès tolerans glikoz.

  • Tès tolerans glikoz la mezire sik nan san w anvan ak apre w bwè yon likid ki gen glikoz nan li. Ou pral fè jèn (pa manje) pandan nwit anvan tès la ak anvan yo fè prelèvman san w. Sa pral ba w nivo sik nan san w ajen. Apresa, ou pral bwè likid glikoz la epi y ap tcheke nivo sik nan san w 1 èdtan, 2 èdtan, e pètèt 3 èdtan apre pou wè kijan kò w reyaji ak glikoz la. Rezilta yo ka diferan selon gwosè bwason glikoz la ak konbyen fwa yo teste sik nan san w. Mande doktè w kisa rezilta tès ou yo siyifi.

Kisa pou w konnen si w teste pozitif

Men kèk bagay ou dwe konnen:

  • Dyabèt pandan gwosès kapab trete. Pi bon fason pou kontwole l se detekte bonè si w genyen l epi kòmanse tretman an rapidman.

  • Maladi sa a ka lakòz pwoblèm pou manman an pandan gwosès la. Epitou li kapab lakòz pwoblèm kay tibebe a pandan gwosès, akouchman, ak apre. Tretman an diminye anpil pou pwoblèm toutbon.

  • Chanjman nan kò w ki lakòz dyabèt jestasyonèl rive nòmalman lè w ansent sèlman. Apre tibebe a fèt, kò w retounen nòmal. Maladi a disparèt. Men, ou ka gen plis risk pou w soufri dyabèt tip 2 pi devan. Pale avèk founisè swen sante w sou fason pou ede evite dyabèt tip 2.

Tretman dyabèt jestasyonèl

Men kijan yo trete dyabèt jestasyonèl:

  • Ou pral gen pou verifye sik nan san w souvan. Ou kapab fè sa lakay ou. Pike dwèt ou epi verifye yon gout nan san sou yon glikomèt. Founisè swen sante w ap montre w kòman e kilè pou w tcheke sik nan san w. Li pral pale sou nivo sib pou sik nan san w.

  • Pou jere sik nan san w, w ap resevwa yon plan espesyal. L ap gen nan li pwobableman planifikasyon repa ak fè egzèsis regilyèman. Kèk fanm dwe pran yon òmòn ki rele ensilin. Gen lòt ki ka pran medikaman pou ede kontwole sik nan san yo.

© 2000-2025 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.